Daniel 4:14
Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 51:6Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.
Ezekiel 31:12Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.
Daniel 3:4Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou.
Daniel 4:23Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.
Daniel 5:20Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.
Matthew 3:10Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.