Daniel 5:20
Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:7Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale.
Exodus 18:11Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!
2 Kings 17:14Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.
2 Chronicles 36:13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Job 40:11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!
Proverbs 16:18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.