Daniel 4:32
Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:10Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an.
Exodus 9:29Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye.
Job 9:12Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?
Job 30:5Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
Psalms 115:3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Proverbs 8:15Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.