Daniel 4:31
Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
1 Samuel 15:23Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
Psalms 145:13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
Daniel 4:34Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.
Daniel 5:28Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo.
Daniel 12:7Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.