Daniel 6:13
Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 3:8Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa.
Daniel 2:25Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di: -Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di.
Daniel 3:11Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l' tout vivan nan gwo fou tou limen an.
Daniel 5:13Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li: -Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nèbikadneza, papa m', te depòte soti nan peyi Jida mennen isit la?
Acts 17:7Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi.