The Bible Software
bible.software › Esther › Esther 3 › Esther 3:8

Esther 3:8

Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa.

Bib La

In The King James Version

And Haman said unto king Ahasuerus, There is a certain people scattered abroad and dispersed among the people in all the provinces of thy kingdom; and their laws are diverse from all people; neither keep they the king’s laws: therefore it is not for the king’s profit to suffer them.

In Context

7Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.

9Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (0375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.

Read all of Esther 3

Cross References

Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.

Deuteronomy 32:26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.

Ezra 4:12Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an.

Nehemiah 1:8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.

Ezekiel 6:8Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Esther 3:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Esther 3:7Esther 3Esther 3:9 →