The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 9 › Daniel 9:15

Daniel 9:15

Koulye a, Seyè Bondye nou, ou te fè pèp ou a soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y'ap nonmen non ou pou sa. Men, nou menm nou peche, nou fè sa ki mal.

Bib La

In The King James Version

And now, O Lord our God, that hast brought thy people forth out of the land of Egypt with a mighty hand, and hast gotten thee renown, as at this day; we have sinned, we have done wickedly.

In Context

14Wi, Seyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou.

16Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.

Read all of Daniel 9

Cross References

Exodus 6:1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.

Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.

Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.

Exodus 13:16Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip.

Exodus 14:18Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.

1 Kings 8:51Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 9:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 9:14Daniel 9Daniel 9:16 →