Exodus 13:16
Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
Exodus 12:13San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 5:15N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a.
Deuteronomy 6:8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.
Deuteronomy 11:18Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo.