Daniel 9:14
Wi, Seyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:27Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.
Nehemiah 9:33Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
Psalms 111:7L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
Jeremiah 4:17Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 31:28Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Lamentations 1:5Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo!