Daniel 9:18
O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 6:27Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.
2 Kings 19:16Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
Psalms 25:6Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
Isaiah 37:17Panche zòrèy ou, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega.
Isaiah 63:15Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!
Isaiah 64:6Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.