Daniel 9:25
Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 4:24Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.
Ezra 7:1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
Ezra 7:11Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
Nehemiah 2:5Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
Nehemiah 4:8Yo mete tèt yo ansanm pou yo vin atake lavil Jerizalèm, pou yo bay pwoblèm.