Isaiah 28:2
Seyè a gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l', l'ap leve yo. l'ap fese yo atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo.
Cross References
Isaiah 9:9Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l' te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di:
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Isaiah 29:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.
Isaiah 40:10Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
Ezekiel 30:10Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la.
Nahum 1:8Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l' yo jouk li fini ak yo.