Deuteronomy 10:21
N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:10Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
1 Samuel 12:24Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!
Psalms 22:3(022:4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
Psalms 109:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.