Isaiah 60:19
Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:21N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.
Psalms 4:2(04:3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
Psalms 62:7(062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
Isaiah 24:23lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.
Zechariah 2:9Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'.
Revelation 21:23Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.