Deuteronomy 12:32
Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
Bib La
In The King James Version
What thing soever I command you, observe to do it: thou shalt not add thereto, nor diminish from it.
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:18Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
Proverbs 30:6Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Revelation 22:18Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.