Deuteronomy 13:6
Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Bib La
In The King James Version
In Context
7yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou,
Cross References
Genesis 16:5Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.
Exodus 32:27Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou.
Deuteronomy 11:32N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.
Deuteronomy 17:7Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
Deuteronomy 18:20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.
Deuteronomy 21:21Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.