The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 13 › Deuteronomy 13:5

Deuteronomy 13:5

Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Bib La

In The King James Version

And that prophet, or that dreamer of dreams, shall be put to death; because he hath spoken to turn you away from the LORD your God, which brought you out of the land of Egypt, and redeemed you out of the house of bondage, to thrust thee out of the way which the LORD thy God commanded thee to walk in. So shalt thou put the evil away from the midst of thee.

In Context

4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.

6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,

Read all of Deuteronomy 13

Cross References

Deuteronomy 6:13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.

Deuteronomy 13:10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.

Deuteronomy 18:20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.

Deuteronomy 22:21y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Deuteronomy 24:7Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Joshua 23:8Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 13:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 13:4Deuteronomy 13Deuteronomy 13:6 →