The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 17 › Deuteronomy 17:7

Deuteronomy 17:7

Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.

Bib La

In The King James Version

The hands of the witnesses shall be first upon him to put him to death, and afterward the hands of all the people. So thou shalt put the evil away from among you.

In Context

6Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.

8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,

Read all of Deuteronomy 17

Cross References

Deuteronomy 13:5Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Deuteronomy 13:9Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.

Deuteronomy 17:12Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.

Deuteronomy 21:21Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.

Deuteronomy 22:22Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Deuteronomy 24:7Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 17:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 17:6Deuteronomy 17Deuteronomy 17:8 →