Deuteronomy 16:13
Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:22W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.
Numbers 29:12Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.
2 Chronicles 5:3Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.
2 Chronicles 8:13Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.
Nehemiah 8:14Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa.
John 7:2Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.