Deuteronomy 16:22
Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.
Bib La
In The King James Version
Neither shalt thou set thee up any image; which the LORD thy God hateth.
In Context
Cross References
Exodus 20:4Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
Leviticus 26:1Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 4:23Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè ankenn zidòl, ankenn pòtre bagay Seyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.
Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
Jeremiah 44:4Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'.
Revelation 2:6Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo.