Deuteronomy 16:21
Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.
Cross References
Deuteronomy 7:5Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.
1 Kings 14:15Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
2 Kings 21:7Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.