Isaiah 61:6
Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:6Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.
Isaiah 23:18Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.
Isaiah 60:5Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.
Isaiah 60:16Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.
Isaiah 66:21M'a pran kèk moun nan moun sa yo pou fè travay prèt ak travay moun Levi yo. Se Seyè a ki di sa.
Ezekiel 14:11Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.