Deuteronomy 18:4
N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:29Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
Leviticus 23:10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l' bay prèt la.
Numbers 18:12M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
Deuteronomy 26:9Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.
Nehemiah 12:44Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.