Nehemiah 12:44
Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 8:24-Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.
1 Chronicles 9:26Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan.
1 Chronicles 26:20Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.
2 Chronicles 5:11Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.
2 Chronicles 31:11Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare,
Nehemiah 10:37Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden.