Deuteronomy 19:9
n'a chwazi twa lòt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m'ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Seyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:22Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l',
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.