Deuteronomy 20:1
Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, l'a pale ak sòlda yo.
Cross References
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Numbers 10:9Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.
Deuteronomy 1:29Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.
Deuteronomy 3:21Apre sa, mwen bay Jozye lòd sa a: Ou wè ak je ou tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Seyè a ap fè wa tout peyi kote nou pral pase yo.
Deuteronomy 7:21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
Deuteronomy 31:6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.