Deuteronomy 24:22
Se pou nou toujou chonje yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa mwen mande non pou nou swiv lòd mwen ban nou la a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:14Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.
Deuteronomy 7:8Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.
Isaiah 51:1Men sa Seyè a di: -Nou tout ki dèyè delivrans, nou tout k'ap chache Seyè a, chonje wòch kote nou soti a, chonje min kote yo wete nou an!
Ephesians 5:1Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.