Isaiah 51:1
Men sa Seyè a di: -Nou tout ki dèyè delivrans, nou tout k'ap chache Seyè a, chonje wòch kote nou soti a, chonje min kote yo wete nou an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 15:2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.
Psalms 24:6Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
Psalms 105:3Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!
Proverbs 21:21Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.
Isaiah 46:3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:
Isaiah 48:12Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje.