Deuteronomy 24:7
Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:1Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.
Deuteronomy 17:7Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
Job 24:3Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.
Ezekiel 27:13Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo.
Revelation 18:13kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.