The Bible Software
bible.software › Apokalips › Apokalips 18 › Apokalips 18:13

Apokalips 18:13

kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.

Bib La

In The King James Version

And cinnamon, and odours, and ointments, and frankincense, and wine, and oil, and fine flour, and wheat, and beasts, and sheep, and horses, and chariots, and slaves, and souls of men.

In Context

12lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab,

14Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!

Read all of Apokalips 18

Cross References

Exodus 21:16Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'.

Deuteronomy 28:68Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.

1 Kings 10:15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.

2 Chronicles 9:9Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.

Nehemiah 5:8Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.

Song of Solomon 1:3Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Apokalips 18:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Apokalips 18:12Apokalips 18Apokalips 18:14 →