Deuteronomy 26:13
Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Deuteronomy 26:12Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.
Psalms 18:21(018:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
Psalms 26:1Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
Psalms 119:93Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.
Psalms 119:141Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.