Deuteronomy 28:12
L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:4lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Deuteronomy 14:29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Deuteronomy 15:10Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
Deuteronomy 28:44Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n' prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.
Psalms 65:9(065:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:
Proverbs 22:7Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.