The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 28 › Deuteronomy 28:21

Deuteronomy 28:21

Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.

Bib La

In The King James Version

The LORD shall make the pestilence cleave unto thee, until he have consumed thee from off the land, whither thou goest to possess it.

In Context

20Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.

22L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.

Read all of Deuteronomy 28

Cross References

Exodus 5:3Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.

Numbers 14:12M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.

Numbers 25:9Te gen vennkatmil (024.000) moun ki te gen tan mouri nan epidemi an.

Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!

Jeremiah 21:6Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri.

Amos 4:10Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 28:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 28:20Deuteronomy 28Deuteronomy 28:22 →