Deuteronomy 28:37
Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
Cross References
Deuteronomy 29:22Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a.
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Jeremiah 24:9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.
Lamentations 3:45Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.
Joel 2:17Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a?