Deuteronomy 28:65
Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Seyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.
Bib La
In The King James Version
In Context
66Lavi nou ap toujou an danje. Lajounen kou lannwit, n'ap nan laperèz, n'ap pè pou lanmò pa pran nou.
Cross References
Genesis 8:9Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
Isaiah 57:21Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.
Lamentations 1:3Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo.
Lamentations 5:17Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
Ezekiel 12:18-Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere.