The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 28 › Deuteronomy 28:64

Deuteronomy 28:64

Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

Bib La

In The King James Version

And the LORD shall scatter thee among all people, from the one end of the earth even unto the other; and there thou shalt serve other gods, which neither thou nor thy fathers have known, even wood and stone.

In Context

63Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.

65Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Seyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.

Read all of Deuteronomy 28

Cross References

Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.

Deuteronomy 28:36Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

Jeremiah 16:13Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.

Ezekiel 11:16Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an.

Zechariah 2:10Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 28:64

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 28:63Deuteronomy 28Deuteronomy 28:65 →