Deuteronomy 29:4
Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Nou wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè.
Cross References
Exodus 16:35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.
Deuteronomy 2:30Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.
Isaiah 6:9Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
Ezekiel 36:26M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
John 8:43Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.
Acts 28:26Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.