Akdèzapot 28:26
Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:4Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.
Isaiah 6:9Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
Isaiah 29:14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.
Isaiah 66:4Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Ezekiel 3:6Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou.
Matthew 13:14Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè.