Deuteronomy 3:24
Seyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouraj. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Lè sa a atò, mwen mande Seyè a yon favè. Mwen di l':
Cross References
Numbers 23:23Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!
2 Samuel 7:22Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.
Psalms 35:10M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
Psalms 86:8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
Psalms 89:8(089:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
Psalms 145:3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!