Deuteronomy 32:10
Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.
Cross References
Deuteronomy 4:36Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
Nehemiah 9:19Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.
Psalms 17:8Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou.
Psalms 107:4Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
Proverbs 7:2Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.
Jeremiah 2:6Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.