Deuteronomy 32:11
Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l' pou yo pa tonbe.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.
Cross References
Exodus 19:4Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.
Isaiah 40:31Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Isaiah 63:9nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Revelation 12:4Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.