Deuteronomy 33:16
L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.
Bib La
In The King James Version
In Context
15L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen.
Cross References
Genesis 37:36Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.
Genesis 43:32Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
Genesis 49:26Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l' yo.
Psalms 24:1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
Psalms 89:11(089:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.
Mark 12:26Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?