Deuteronomy 33:27
Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:24Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa febli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo.
Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Joshua 24:18Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
Psalms 36:7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
Psalms 46:7(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.