Deuteronomy 4:20
Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Deuteronomy 9:29Men, se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo soti kite peyi Lejip.
1 Kings 8:51Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè.
Psalms 33:12Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
Isaiah 63:17Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!
Ephesians 1:18Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.