Deuteronomy 4:7
Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!
Deuteronomy 5:26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?
2 Samuel 7:23Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 145:18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
Isaiah 43:4M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.