Deuteronomy 4:10
Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:9Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn.
Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Exodus 20:20Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
Deuteronomy 5:29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
Deuteronomy 6:7N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.
Deuteronomy 14:23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.