Deuteronomy 6:7
N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
Exodus 13:14Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Deuteronomy 4:10Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.
Deuteronomy 11:19N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay.
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Job 8:10Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.