Deuteronomy 5:29
Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon.
30Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo.
Cross References
Deuteronomy 4:2Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.
Deuteronomy 4:40Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.
Deuteronomy 6:18N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo,
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Deuteronomy 11:1Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.