Deuteronomy 5:6
Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
Bib La
In The King James Version
I am the LORD thy God, which brought thee out of the land of Egypt, from the house of bondage.
In Context
7Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Cross References
Exodus 13:14Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 4:4Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
Deuteronomy 8:14pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Psalms 81:7(081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
Jeremiah 11:4Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.