Deuteronomy 6:21
lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:3Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
Exodus 13:14Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 5:15N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a.
Deuteronomy 26:5Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'.
Psalms 78:7Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.